Nehodí sa? Žiadny problém! U nás môžete do 30 dní vrátiť
S darčekovým poukazom nešliapnete vedľa. Obdarovaný si za darčekový poukaz môže vybrať čokoľvek z našej ponuky.
30 dní na vrátenie tovaru
Nan liv sila genyen lapenn, genyen rèl, gen vyolans, gen yon souf lespwa. Si pafwa otè a fè eksè nan jan li dekri peyi a, men ofon powèm yo touchan. Pafwa yo tankou bèl peyizaj, yon bèl lorizon. Men pafwa gen anpil rèl, madoulè. Otè plis enspire de reyalite a. Pwezi Stéphanie an sireyalis, li chita sou imaj. Se yon chan lanmou tou ki ekri avèk sal resanti ak sa ki sòti nan fon kèl. Li mete an valè sansasyon. Pwezi a ap fè lektè a santi emosyon yo epi lap pèmèt yo wè sa otè a santi nan kè l. Epitou zèv powetik sila byen reflete richès lang kreyòl la.
Tranzit se yon istwa k ap rakonte, se yon istwa k ap miyonnen, se yon rèv k ap bay lòt rèv tete. Tranzit se yon pawòl djanm, tris, men an menm tan, se yon deklarasyon lanmou.
Ahoj! Som Libroamiko, tvoj knižný radca.
Ako ti môžem pomôcť?